Wanament rann Michael Benjamin “Mikaben” yon dènye omaj ak nan Majetic Otèl #1

1,900

10-31-2022

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Sou inisyativ “Konekte” ki gen nan tèt li Sankara Jules, jounen dimanch 30 oktòb 2022 a plizyè santèn moun abiye avèk mayo blan ak balèn nan men yo, gode blan, boukè flè elatriye nan objektif pou rann Michael Benjamin “Mikaben” yon dènye omaj.

Yon aktivite ki te kòmanse avèk yon mès nan memwa defen an e ki te selebre anba direksyon kire pawas Wanament lan. Divès pèsonalite, jèn, timoun te reponn prezan nan moman an. Mèt Sankara Jules, ki se inisyaté aktivite a, bò kote pa l fè konnen atis la ale men zèv li ap rete grave nan memwa tout pèp Ayisyen an, espesyalman moun Wanament.

Nap soulinye fineray ansyen chantè fòmasyon mizikal “Krezi Mizik” la ap chante dimanch 6 oktòb 2022 nan peyi Etazini; sepandan, ap gen yon seremoni senbolik nan peyi a pou venere atis “Mikaben” ki te konsidere “Ayiti” tankou 2 je nan tèt li.

Jn Simon Manex

Comments are closed.