Gouvènman dominiken an ap trese lèl nan chèche lòt peyi pou fè komès

879

09-18-2023

Repiblik Dominikèn _____ (TRiboLAND) Ministè endistri ak komès Repiblik Dominikèn nan, Victor Ito Bisono deklare nan laprès jounen lendi 18 septanm 2023 a, gouvènman dominiken an kòmanse chèche lòt peyi pou pèmèt komèsan dominiken yo fè biznis avèk yo aprè fèmti ofisyèl fwontyè ayisyano-dominiken an.

Li kontinye pou l di, yo gentan jwenn kèk peyi tankou Guyana ak Panama ki enterese avèk pwopozisyon an. Li presize, komèsan dominiken yo pral fè espesyalman komès “ze” avèk peyi sa yo paske, selon mesye Bisono, se Repiblik Dominikèn ki vann ze pi bon mache nan rejyon an.

Militè dominiken eskanmòtè, pa sispann fè rakèt e sezi menm machandiz ayisyen ki ap achte lòbèy dominiken nan kontrebann.

Comments are closed.