Direksyon depatmantal Finans branch Nòdwès, ap manniganse pou dilapide plis pase 17 milyon goud, ki ta dwe al sèvi nan direksyon depatmantal edikasyon Nòdwès la.

11-04-23
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Enstitisyon yo nan depatman Nòdwès la pako janm sispann ak vye pratik bòy kotaj, tire toya, yonn sou lòt. Aprè la Mèri Pòdpè ak divès lòt enstitisyon nan vil Pòdpè, koulya se kou pa direksyon depatmantal finans nan Nòdwès kap manniganse, peze manèt akseleratè yo, pou wè nan ki nivo yo ka voye tounen nan Pòtoprens, plis pase 17 milyon goud k ap gen pou al diminye dèt direksyon depatmantal edikasyon branch Nòdwès la.
Pou Renaud Jean Charles, ala tèt direksyon finans Nòdwès la, yo deside retounen magogo kòb sa a nan Pòtoprens, lè yo konstate pa gen ase pyès jistifikativ pou livre kòb sa a.
Konsa, dapwè enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ala tèt finans Nòdwès la ap manniganse pou retounen kòb sa yo bay gran manjè nan Pòtoprens, nan lide pou jwenn 15%, biyè avyon, restoun, poun site sa yo sèlman, nan kòb sila, alòske direksyon depatmantal edikasyon branch Nòdwès la, ap resevwa gwo presyon anba men divès enstitisyon ke yo dwe lajan.
Pou anpil moun, yo sezi wè yon enstitisyon teknik lage kòl nan fè vye politik bòy kotaj, nan lide pou sabote kòb divès lòt enstitisyon nan depatman Nòdwès la. Se pa premyè fwa enstitisyon sa a, ap mennen vye pratik sal sa yo, plizyè enstitisyon tankou : edikasyon, Sante Piblik, Travo Piblik, deja resevwa gwo pataswèl anba men ala tèt finans Nòdwès la, kise Renaud Jean Charles.






