Dràm nan repiblik dominikèn, 15 travayè ayisyen mouri nan ju anpwazone nan rejyon Elías Piña.

544
1
Share:
TRiboLAND

12 – 01 – 2024

Elías Piña, RD_____(TRiboLAND) Gro rèl pete nan repiblik dominikèn mèkredi pase a, kote ke 15 ayisyen natif natal pèdi lavi yo nan ju anpwazone nan yon lokalite ki rele Elías Piña se lon sa plizyè jounal lokal pibliye.

Daprè sa kèk temwen viktim ki arive chape fè konnen, gen plis pase yon kenzènn travayè ayisyen ki mouri tèt nèg aprè ke yo te finn bwè yon ju ke patwon yo te bayo nan moman yo tap travay nan yon chan zonyon.

Enfòmasyon yo fè konnen, malere travayè ayisyen tef inn bwè ju a e te kontinye ap fè travay yo jan sad we ye; konsa, bwid sou kou yo ta pral fè fas ak tèrib doulè anba tivant, malèz ak vant kòde ki pat pran tan pou vide yo tout atè e okazyone lanmò yo, daprè plizyè nan viktim yo ki te arive chape aprè lavaj medikal.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo nan repiblik vwazinn nan, ki pa ditou pran lavi moun an konsiderasyon. Mafya  ki mete tèt li ak yon Leta kriminèl nan repblik rasis la, eksplwàte san konpasyon yon seri malere ki travay san touche; okontrè yo plis enterese anpwazone yo pito ou fè yo kouri pou imigrasyon. Se konfyolo gouvènman rasis Luis Abinader la ak gran plantè yo pou eksplwàte ou elimine travayè ayisyen yo.

Share:

1 comment

  1. Elinès Vincent 2 December, 2024 at 08:32 Reply

    Mwen konprann byen sa k fè ayisyen ap pase mizè anba men Dominiken an wi
    Le jou gen yon prezidan nan peyi ayiti
    Kap defann ti pèp sa
    Yo pap ka fèl anko
    Fondasyon triboland nan Wo Moustik Byari

Leave a reply