Plizyè sitwayen nan sosyete sivil la reyaji sou zak malonèt regwoupman gang Viv Ansanm komèt nan demoli komisarya Kwadèboukè a ak tout prizon sivil la.

91
0
Share:
TRiboLAND


05 – 19 – 2024

Kwadèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè sitwayen nan sosyete sivil la reyaji kont zak malonèt regwoupman gang Viv Ansanm nan kwadèboukè ki pran malen plezi demoli komisarya kwadèboukè a ak tout prizon sivil la, nan lanwit 17 pou leve 18 me 2024 la.

Teworis gang viv ansanm komin kwadèboukè a, “Lanmò san jou”, deklare nan moman yo t’ap kraze yonn nan pi gwo prizon sivil peyi a, mande ki kote otorite yo ap vin chita lè yo tounen?

Seri zak kriminèl sa yo sisite plizyè reyaksyon nan mitan sosyete sivil la, tankou, jounalis Teriel Thélus ki deklare ak popilasyon an:” kòm gang yo deside fin kraze prizon yo, lè nou kenbe yo, pap gen lòt chwa ke ba yo bwa kale”.

Konsa, kèk lòt kritik panse ke Leta ta oblije kòmanse kraze kay nan tout Vilaj Dedye ak tout lòt kachèt ou espas ki chaje ak kriminèl ki detèmine pou efondre peyi a.

Share:

Leave a reply