Me kòman Ghana ak anpil lòt peyi arive fè’l tonton!

533

12/28/20

(TRiboLAND) A mwens ke yon moun pa ta sou planèt di tou pou ou pa remake ke kontinan Afriken ap bouje seryezman ak yon kwasans ekonomi ki trè akselere. Peyi ki te dèyè kay nan povwete, tounen devan kay jounen jodi a gràs ak yon reviman nan envèstisman nan konstriksyon lojman. Nasyon takou Ghana, Nigeria, Rwanda, Etyopi e latriye ap fè anpil gro envestisè je dou. Sa pa gen lontan Fon Monetè Intènasyonal (FMI) wè peyi Ghana kòm nasyon ki ofri yon kwasans ekonomik ki pi rapid nan lemonn, avèk yon kwasans PIB ki estime a 8,8% swa doub mwayèn ekonomi emèjant lan e byen an avans sou kwasans mondyàl la. Sa anpil moun pa konnen, tout bèl rezilta sa yo gen pou wè avèk konpòtman peyi progresis sa yo fas ak mache lojman an ki ta sanble yon pasaj oblije pou devlopman nenpòt ki peyi.

Pami yon pakèt peyi kap vale teren nan sans sa, peyi Ghana demontre yon evidans palpab de tout yon seri opòtunite envèstisman ki kapab stimile yon bonjan kwasans ekonomik. Selon yon seri ekspè imobilye, Ghana genyen antite diaspora a san konte yon krèy achtè etranje ki konstitu epinn dòsal ekonomi ghana a kap vale teren jounen jodi a. Yon ekonmi ki chita sou yon plan lojman leta ghana enplemante e ki atire envèstisè tout kalite.

Daprè yon seri statistik bò kote Broll Ghana, genyen chak ane nan peyi Ghana plis pase 85,000 tranzaksyon imobilyè rezidansyèl ke se pou vann oubyen pou lwe. Nan dènye deseni sa yo, volum vwayaj dafè kap miltipliye nan Akra, kapital la chak jou, se pa mens afè. Ayewopò entènasyonal Kotoka pandan dènye lane sa yo pa sispann boure ak paspò ewopeyen ak ameriken ki gen orijin afriken montre anpil enterè nan ekonomi ghaneyèn nan. Leta, antan ke antite responsab ou katalizè ofri dyaspora ghaneyèn nan yon tretman onorifik atravè Le project de Joseph, tankou jan peyi Izrayèl te fè li pou tout ekspatriye jwif. Konsa, rityèl sansibilizasyon sa yo ki stimule tout pitit afrik retounen lakay yo, konstitye yon faktè enperatif ki akselere de fason majik demand lojman pou ekspatriye yo.

Ghana: 7,6 milliards de dollars pour la construction de 200 000 logements - Le360afrique.com

Nan mwa novanm 2019, yon sosyete enjenyè peyi Lafrans, CIOA ranpòte ou sinye yon mega kontra konstriksyon 200,000 lojman avèk leta ghana pou 7,6 milya dola. Konsa, CIOA ap founi yon sèvis manufaktu e kap deplwaye tout yon seri resous endistriyèl e inovant pou fasilite konstriksyon lojman sa yo pandan 10 prochèn ane yo.

Mega program konstriksyon Ghana a ap genyen yon pòte ekolojik:

  1. 80% materyo pou yon parèy projè ap sòti nan resiklaj kap limite eksplwatasyon anprent kabòn.
  2. Anbochaj pou yon anplwayabilite ki estime 7, 500 travayè lokal.
  3. Yon program endistriyalize ki pral limite depans lojistik ki kapab kreye yon valè lokal ajoute.
  4. Enpak sosyàl: 3% montan projè a ap chita sou enstalasyon kominotè: krèch, lekòl, komès, lopital, lye relijye ak kiltirèl.

Tout sa prouve enpak majik ke plan lojman ou konstriksyon vilaj modèn ofri nan atire envèstisè ki se yon pasaj oblije nan devlopman yon eta. Li jenere revnu tout kalite, li se pi gro fòs stimulatris pou konbat chomaj ak dynamize yon fòs pwodiksyon endistriyèl san parèy. Se nan kontèks sa anpil peyi tankou (Nigeria, Boswana, Rwanda, Etyopi e latriye) ki fè prèv de yon gouvènabilite ki fyàb e responsab adopte menm apwòch devlopman ekonomik lan ki chita sou kontriksyon vilaj modèn ki a 90%, yon garanti pou kwasans ekonomik rapid.

Anpil peyi nan Karayib la deja anbwase “Projè Joseph la”, yon inisyativ konstriksyon lojman ki fasilite divès gouvènman enplike dyaspora yo nan envesti nan devlopman lakay yo. Pami peyi karaib ki kwè sekrè devlopman an chita sou yon plan konstriksyon lojman agresif, ou jwen: La Babàd, Sen Lusi, Jamaik, Repiblik Dominikèn, Kiba, Bahamas e latriye jenere bonjan kwasans ekonomik ki fasilite avansman lòt projè sosyàl.

Malerezman, Ayiti pa fè pati ekip peyi avèti sa yo ki konprann règ jwèt devlopman sosyetal la. Kontrèman a peyi motive sa yo, Ayiti echwe nan atire dyaspora ayisyèn nan ki yon antite ekonomik pwisan retounen lakay e envesti nan devlopman lakay li.

Se tris, sa yo ki reve retounen lakay, viv anpil desepsyon lokal ak eksplwatasyon ki dekouraje yo e ekspoze yo devan lòt peyi ki pare pou ofri yo yon pi bèl panye opòtunite (sante, retrèt akomodasyon, sekirite, lojman, enfwastrikti tout kalite). Se konsa, peyi tankou Jamaik ak Repiblik Dominikèn pap sispann etabli yon demach ki anvizaje koutize richès ou potansyalite dyaspora ayisyèn nan ke Ayiti pa sispan mal-itilize.

Comments are closed.