Direktè depatmantal agrikilti a, mande pou ONG kap sipòte agrikilti a nan Grandans fè sa nan peryòd kap bon pou peyizan yo.

663

03-18-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Agronòm Vladimir Jean ki se direktè depatmantal agrikilti Grandans, Nan yon bwase lide ke’l te genyen avèk kèk òganizasyon ki pa nan gouvenman, plede anfavè bonjan ankadreman bò kote patenè kap bay agrikilti a jarèt nan Grandans peyi a.

Konsa, pou sa fèt nan respè ak dinyite moun kap travay latè yo nan depatman Grandans lan, fòk patnè yo kap bay semans yo ak ankadre pou plantè yo, agrikiltè e elvè nou yo nan Grandans fè sa nan peryòd ak sezon moun yo nan kilti ak tradisyon ke yo konn travay latè.

Direktè Vladimy Jean ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND fè konpwann si kondisyon sa yo respekte, sa ap ede peyizan yo ak tout travayè latè yo rezoud pwoblèm grangou an nan depatman Grandans lan.

Comments are closed.