Senlwidinò : Yon kominike Minisipal vize mete lòd nan move pratik chofè moto yo

1,829

05-07-2022

Senlwidinò_____(TRiboLAND) Konsèy minisipal kominal Senlwidinò a mete deyò yon kominike ki entèdi chofè motosiklèt yo sikile nan komin nan aprè 10zè nan aswè; pa itilize mizik devègonde nan mitan popilasyon an; pa kondwi avèk sandal nan pye pou evite aksidan sikilasyon san konte kontrole volim aparèy moto yo nan lari a.

Konsa, desizyon Konsèy la te jwen anpil supò ak benediksyon yon pakèt sèktè nan komin Senlwidinò a. Anpil nan sitwàyen yo bat bravo lakontantman pou desizyon lameri ki vize proteje popilasyon an. Pou anpil moun, chofè motosiklèt yo pa respekte legliz, lekòl, lopital, antèman e menm lavi moun se yon jwèt yo. Popilasyon an kwè nan sans sa, yon parèy dispozitif pral pote yon amelyorasyon pou chak moun nan komin nan.

Antouka, madi ki te 3 me 2022, te genyen gro katchouboumbe ant chofè moto ak responsab yo nan komin nan. Anpil wòch te tire akoz enplemantasyon yon parèy mezi kote ke chofè yo tap proteste kont kontravansyon ki gen pou wè avèk dènye desizyon Konsèy Minisipal Senlwidinò a.

Pierrilien Colly

Comments are closed.