Rivyè Masak: Pati Politik RDNP pote yon lo materyèl pou kontinye bay konstriksyon kanal la jarèt.

895

09-29-2023

Wanament , Ayiti _____(TRiboLAND) Direksyon Rasanbleman Demokrat Nasyonal Pwogresis (RDNP) Nòdès la, Waldeck Marcelin pote yon lo materyèl ak divès lòt kichòy ankò, jounen jedi 28 septanm 2023 pou kontriksyon kanal la sou Rivyè Masak la.

Jèn lidè politik la remèsye ajan BSAP yo ki bay tout kouraj ak sans patriyotik yo pou defans entegrite peyi a nan sekirize travay kanal la. Konsa, Marcelin pwomèt RDNP pral sipòte yo nan fason li kapab. Li swete pou komite jesyon kanal la, byen itilize èd lap resevwa yo yon fason pou kanal la kapab fini e pou jwenn dlo pou wouze Plèn Ba-Maribawou.

Toutfwa, responsab fòmasyon ak òganizasyon an, Doktè Luis Charles Jean Ardouin, ankouraje tout sitwayen nasyonalis pou pote sipò yo nan fason ke yo kapab pou bèl inisyativ sa kapab materyalize poun sòti anba grif Repiblik Dominikèn nan kesyon manje.

Responsab pati a santi l endinye paske li di se dirijan ayisyen yo ki koz dominiken ap fè awogans, racism ak frekansite avèk nou.

Comments are closed.