Dyaspora Dominikèn bay ekonomi peyi li bonjan jarèt atravè zafè transfè lajan.

996

Yon valè 10 milya dola vèt rantre nan peyi repiblik Dominikèn pou ane 2022 pase a, se rezilta efò sitwayen dominiken yo fè nan zafè transfè lajan.

01-19-23
Sendomeng, RD____(TRiboLAND) Dyaspora dominikèn nan ki nan peyi lòt bò dlo, voye anviwon 10 milya dola vèt nan peyi Repiblik Dominikèn kòm yon valè ajoute nan ekonomi peyi vwazen an, dapwè Bank Santral peyi a.

Plis pase 84% nan lajan sa yo sòti nan peyi Tonton Sam; 6.6% nan peyi Lespay. Transfè ki sòti nan peyi Dayiti ak nan peyi Itali totalize yon valè 1.3% ak 0.9%.

Comments are closed.