2 moun mouri sispèk nan dyare kolera epi plizyè dizèn lòt enfekte nan 7èm seksyon kominal Tigwav.

165
0
Share:
TRiboLAND

09-28-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND ) 2 moun mouri sispèk nan dyare kolera nan lannwit mèkredi 27 pou louvri jedi 28 sektanm 2023 a, epi plizyè dizèn lòt enfekte, dapwè deklarasyon kòdonatè kazèk 7èm seksyon Platon kominal Tigwav la, Petion Franckel.

Administratè seksyon an, esplike se move dlo abitan yo ap konsome e mete ak gwo lapli kap tonbe sou seksyon an, dènye jou sa yo, ki lakoz abitan yo ap tonbe mouri anba epidemi sila a.

Premye sitwayen seksyon an, Petion Franckel, mande otorite sanitè Lwês yo, pou ede yo fè fas ak epidemi sa a, kap touye peyizan yo pa bann ak pa pakèt.

Chèf seksyon an, ankouraje otorite sante yo mete 2 sant tretman kolera nan wo ak ba seksyon an, youn nan Platon e lòt la nan Abitasyon Delat nan zòn kontaminasyon yo, nesesite pwezans yon kò midikal, enfimyè ak bon jan medikaman, teknisyen pou dekontamine kay ki enfekte yo, yon fason pou evite plis peyizan viktim anba epidemi kolera LONU an.

Nap raple, soti fen mwa dawout pase a, pou rive jedi 28 sektanm 2023 a, genyen anviwon 23 peyizan, fanm ak gason ki pèdi lavi yo nan dyare sispèk kolera a, san konte sila yo ki mouri lakay yo e ki pa gentan ale lopital si nou kwè deklarasyon kòdonatè kazèk 7èm seksyon Platon kominal Tigwav la Petion Franckel.

Share:

Leave a reply