CEDUCC ak MENFP ki jwen distribye plizyè santèn kit eskolè bay timoun ki nan diferan katye nan Tigwav nan okazyon ouvèti lekòl la.

118
0
Share:
TRiboLAND

09/07/2026

Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Centre pour l’éducation communautaire et la culture (CEDUCC) nan tèt kole ak ministè edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonnèl, ki jwen finansman bò kote UNICEF, distribye plis pase 800 kit eskolè bay plizyè santèn timoun nan diferan katye pou klotire yon Atelye CEDUCC te enplante nan komin Tigwav padan peyòd vankans lan.

Responsab CEDUCC la nan Tigwav, mesye Legalo ki te pran lapawòl nan kad kloti sila a, fè konnen peryòd vakans lan te karakterize de yon seri aktivite, kote yon latriye timoun te resevwa fòmasyon epi yo te ekspoze pwodwi yo te reyalize nan yon seri seyans fòmasyon yo te pran.

Nap raplew, CEDDUC se yon òganizasyon entènasyonal ki jwen sipò plizyè lòt patenè nan kad akonpayman yap bay timoun ki majinalize nan sosyete ayisyèn lan, espesyalman depatman Lwès la, komin Tigwav.

Share:

Leave a reply