Scoop, Scoop, Scoop! GPPC ta sanble an difikilte nan Miami

697

Miami______(TRiboLAND) Gary Pierre Paul Charles, jounalis senyò ayisyen ta sanble an difikilte nan Miami jodi dimanch 25 jwiyè 2021 an.

Gran Toryan Radio Scoop FM nan, aparamman ta supoze antre nan peyi Dayiti jodi dimanch 25 jwiyè 2021 an, ta sanble li te jwen kontrent pou li te anbake abò yon vòl pou destinasyon Pòtopwens. Yon sous ki vle rete anonnima ta konfime twà ajan ta entèsepte GPPC nan moman li ta pwàl anbake nan yon airbus ki fè trajè MIA – PAP.

Sepandan, yon lòt sous ta evoke posiblite enplikasyon Child Support kont animatè “Haiti Débat” Scoop FM nan ki ta sanble relache apwè 3 èdtan entèwogatwà.

Nap raple, jounalis pwofesyonèl Gary Pierre Paul Charles ta sanble genyen plis ke 2 semèn depi li te deyò peyi Dayiti.

Comments are closed.