Direksyon depatmantal Sanitè Grandans, lanse yon kanpay sansibilizasyon kont maladi kolera a.

712

08- 23- 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Direksyon depatmantal ministè sante piblik Grandans, atravè sèvis kominikasyon l, ak sèvis wach lan , ki genyen kòm Kòdonatè,Mario Marcelin, lanse yon kanpay sansibilizasyon kont maladi kolera a.

Kanpay sansibilizasyon sila a, kap demare atravè diferan zòn nan komin Jeremi an, ap pèmèt fanmi yo benefisye entran, tankou akwatab, pou trete dlo yap sèvi, yap genyen posibilyte pou resevwa fòmasyon ak lòt eleman enpòtan, kap ede fanmi yo, pa pwan mikwòb ki bay maladi kolera a.

Daprè responsab kominikasyon Direksyon depatman an, Mario Marcelin, yon ekip jèn fanm ak gason ,ki genyen bonjan fòmasyon nan domèn sanitè, pote volontè nan kad kanpay sila, sitou pou peryòd fèt patwonal Sen Lwi a, ki demare nan vil Jeremi.

Comments are closed.