Peyi Nijè raple anbasadè ki nan peyi Kod Ivwa

988

08-15-2023

Niamey, Nijè_____(TRiboLAND) Nan yon kominike ke li pibliye, Konsèy Nasyonal pou Sove Peyi a (CNSP), raple anbasadè li ki nan peyi Kod Ivwa yè lendi 14 dawou 2023 a.

Jent militè nijeryèn lan, akize pwezidan ivwaryen, Alassane Ouattara kòm moun kap bat tanbou pou yon envazyon militè kont peyi Nijè. Yo denonse egalman mache pwese Ouattara ki swete wè yon agresyon ilegal e san sans kont peyi Nijè.

Nap raple, pwezidan ivwaryen an, Alassane Ouattara se youn nan moun ki tap klewonnen opsyon militè kont Nijè nan moman some ekstraòdinè CEDEAO a, nan Abuja nan peyi Nijerya jedi pase a. li te menm anonse ke peyi Kod Ivwa ap dispose 1000 sòlda batayè pou kore yon parèy inisyativ ki vize anvayi peyi Nijè.

Comments are closed.