Seleksyonè ekip foutbòl ayisyèn feminin nan, fè yon kraze kite sa nan tèt ekip foutbòl feminin ayisyèn nan.

803

Nicolas Delepine, lage pyel, aprè 4 defèt yonn dèyè lòt, nan tèt ekip feminin foutbòl ayisyèn nan.

08-08-2023

Pòtoprens, Ayiti___(TRiboLAND) Jan sa te anonse aprè dènye defèt grenadyè yo nan peyi Lostrali, Nicolas Delepine, fè yon kraze kite sa nan tèt ekip foutbòl feminin ayisyèn nan, se jounalis senyò Frantz Duval ki konfime parèy nouvèl sou kont tweeter li.

Nap raple ou, pasaj ansyen seleksyonè grenadyè yo pat janm bay yon rezilta malgre ekip la ta pral kalifye pou Mondyal Ostrali a, nan faz baraj. Nan faz pou pwepare Mondyal 2023 a, grenadyè yo ta pral konnen yon defèt devan sid-koreyèn yo ak yon lòt match nil ankò.

Yon defèt nan faz pweparatwa, ak 3 defèt nan mondyal la, sa ki bay yon total 4 defèt yonn dèyè lòt. Mekontan kont yon ekip ayisyèn favori pou ranpòte Mondyal 2023 a nan peyi Ostrali, majorite nan grenadyè yo fè konnen, yo pap jwe ak Nicolas Delepine, ki fè wont sèvi kolè, oblije libere grenadyè yo.

Comments are closed.