Yon avyon ki chaje ak kokayin fè yon aterisaj fòse nan Repiblik Dominikèn, selon yon rapò

263
0
Share:
TRiboLAND

09/30/2021

Oviedo, Repiblik Dominikèn _______(TRiboLAND) Yon avyon Cessna motè lejè ki te chaje ak kokayin kraze nan moman li tap efektye yon aterisaj fòse apwè ke avyon defans ayeryen Fòs Lame Dominikèn tap pou swiv li nan minisipal Oviedo nan zònn solèy kouche peyi panyòl la, dapwè sa media lokal yo rapòte jodi jedi a.

Dapwè rapò pweliminè yo, avyon an te antre san onè nan espas ayeryen dominiken an e sa pat pran tan avyon militè Super Tucano Lame Lominikèn yo tap rapouswiv li. Pilòt la te fè yon aterisaj fòse e ki koz veyikil la kraze, dapwè direktè kontwòl nasyonal dwòg.

Sou sènn aksidan an, otorite yo jwenn 275 kilomèt sak kokayin e ekipaj avyon an te sòti nan Amerik Disid.

Share:

Leave a reply