Pwogresyon sivil : Agwonòm Rhetone José transfere kòm chajè-d Misyon nan Direksyon Jeneral Ministè Enteryè

174
0
Share:
TRiboLAND

07-12-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon korespondans Direktè Jeneral Pwoteksyon Sivil la, Dr Jerry Chandler adrese Rhetone José ki se responsab Pwoteksyon Sivil nan depatman Nòdwès la, li fè li konnen ke li transfere nan Direksyon Jeneral Ministè Enteryè ak Kolektivite tèritoryal yo, kòm Chajè-d Misyon.

Pwoteksyon Sivil lage de bwa pandje nan depatman, pandan nou nan sezon siklòn. Jiskaprezan, si ta gen yon dezas, biwo a pap ka fè vrèman anyen daprè responsab Nòdwès la. Agronòm Rhetone kontinye pou di, se yon politik tèt chaje Direktè Jeneral la ap fè sitou genyen anviwon 4 nan yo ki pa mache nan lojik pa ka gade siperyè yerachik yo nan je, pandan yap fè tout kalite deriv.

Selon Agronòm Rhetone toujou, Direktè a te fè li konnen li transfere deja kòm Direktè depatmantal Sid Pwoteksyon Sivil nan dat premye janvye 2022, yon desizyon ke minis lan pat apwouve e aprè yo te fin ekri minis lan pou mete li o kouran de sa, ak fè mansyon plizyè atik DG a te vyole nan kad transfè sa.

Agronòm Rhetone fè konnen, li pap fè yon pa kita, yon pa nago paske se bagay vagabondaj DG a ap regle. Daprè responsab Nòdwès la, se Direktè depatmantal Latibonit lan ki pral Direktè depatmantal Nòdwès la an menm tan, yon sitiyasyon ki ka vin rann Pwoteksyon Sivil nan Nòdwès vin pi vilnerab.

Share:

Leave a reply