Lapolis ankouraje deplase yo, pa pran dite pou lafyèv pawòl mètdam gang teworis yo kap mande pou tout moun retounen lakay yo

290
0
Share:
TRiboLAND

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Apre plizyè jou depi chèf gang Jimmy Chérizier, alyas Babekyou, te retire solda li yo nan Nazon, Kriswa, Ba Delma ak lòt katye avwazinant yo, Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) lanse yon gwo avètisman piblik bay deplase yo.

Nan yon kominike ofisyèl, PNH la fè konnen popilasyon ki te oblije kite kay yo akoz vyolans bandi yo pa dwe prese retounen nan katye sa yo, paske gen gwo operasyon kap dewoule pou kraze rès estrikti gang yo. Otorite yo raple ke bandi yo konn sèvi ak popilasyon sivil la kòm boukliye imèn, sa ki kapab mete lavi anpil deplase nan gwo danje pandan entèvansyon lapolis yo.

Nan mesaj la, lapolis mete aksan sou yon pwen kle: Si gen pou di moun yo retounen nan katye yo, se pa chèf gang teworis, se pa ti gwoup ame sal, men se Lapolis oswa Leta kap fè yo konnen.” Bandi yo an feblès, mande pou tout moun tounen lakay yo kapab yon estrateji pou afebli operasyon kap planifye yo. Fòs lòd yo raple moun nan popilasyon an, bandi pa gen eta dàm.

Avètisman sa a vini nan yon moman kote plizyè fanmi deplase ta swete tounen lakay yo, men PNH la fè konprann se sèlman lè reyèlman genyen garanti sou sèkirite a, otorite yo ap definitivman bay siyal pou yon evantyèl retou.

Li enpòtan pou nou sinyale, ke se pa premye fwa teworis yo afiche volonte pou ankouraje popilasyon viktim nan retounen lakay yo; alòske se menm sangwen yo ki toujou al atake yo, fè yo kouri pou yon lòt inyèm fwa.

Share:

Leave a reply