Anviwon 37 moun pèdi lavi yo, nan yon batiman virewon ki tap sòti nan Nòdwès peyi Dayiti, pou antre anndan Pwovo.

197
0
Share:
TRiboLAND

Pou pi piti 37 moun fè noye nan dlo sale e 15 lòt sòti vivan, se konsekans nofwaj yon bato virewon ki tap eseye pran lamè a ilegal.

09-19-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Sityasyon sosyal, ekonomik ak enstabilite politik nan peyi Dayiti , akòz divès fanmiy, kontinye ap konte kadav pa pi l e pa makòn, nan zafè kouri kite peyi a, pou al chèche lavi miyò nan peyi lòt bò dlo.

Nan yon bato virewon ki tap eseye kite Nòdwès peyi Dayiti, patikilyèman zile Latòti an direksyon Pwovo, ak anviwon 52 pasaje abò, pou pi piti 37 nan yo pèdi lavi yo, 15 lòt sòti vivan aprè anpil difikilte, nan dat kite 16 septanm 2023 a.

Nofwaj bato virewon sa a, dapwè enfòmasyon sal nouvèl redaksyon TRiboLAND rive rekeyi lakay kèk fanmiy viktim yo, kreye gwo panik lakay fanmiy zanmi ak senpatizan viktim yo.

Share:

Leave a reply