Lig Pastè Pwotestan nan Nòdwès soti nan silans; yo mande liberasyon relijyèz ak relijye yo

406

04/19/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Lig Pastè Pwotestan nan deptman Nòdwès la soti nan silans pou
mande san pèdi tan liberasyon relijèz ak relijye yo ke gwoup gang 400 Mawozo te kidnape depi anviwon yon semèn.

Pastè Chélet Norélien, ki fè pati Lig Pastè Pwotestan yo nan Nòdwès, denonse nèg ak vès li di ki pa sispann distribye zam nan katye popilè yo pou simaye dèy nan mitan fanmiy ayisyèn. Konsa, li lanse yon apèl bay gang ame sa yo pou mande yo depoze zam yo ansuit libere pwofif eklezyastik yo yon mannyè pou kolè Bondye Lavi a pa tonbe sou yo. Dapwè Reveran an, se premye fwa l ap viv yon sitiyasyon parèy kote ankenn moun pa gen ti moso respè pou sèvitè Bondye.

Lidè espirityèl la, Pastè Chelet Norélien fè deklarasyon sila yo jounen dimanch 18 Avril 2021 an, pandan yon vant siyati liv ke li mete deyò ki titre “Covid 19, Dieu au Secours d’ Haïti”. Vant sinyati yon parèy ouvwaj te dewoule nan Inivèsite Valparezo kote plizyè santèn etidyan, pwofesè mele ak inivèsitè te reponn prezan, sou inisyativ ERRA ki se Espas Refleksyon Rechèch ak Aksyon.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.