Ajan egzekitif enterimè vil Pòdpè a, echwe nan tantativ pou li te deplase simetyè Pòdpè a, pou voye l nan lokalite Lasalin.

863

07-12-2023

Josué Alusma, echwe nan tantativ li tap fè pou te deplase simetyè Pòdpè a, yon fason pou te jewolokalize’l nan pak espòtif Lasalin nan, ki pa ko menm fini.

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan mache fouye zo nan kalalou, TRiboLAND pantan sou yon ansèy ki make “Bientôt Cimetière Municipal de Port-de-Paix”, nan 3è seksyon Polen/Lakòn, lokalite Lasalin, patikilyèman nan konstriksyon pou te loje yon pak espòtif nan lokalite sila.

Poze kesyon pou konnen, kouman sa fè rive? Kiyès ki dèyè yon parèy galimatcha? Pou anpil moun, se ajan egzekitif enterimè komin Pòdpè a, mouche Josué Alusma, ki tap fè tantativ pou li deplase simetyè Pòdpè a, epi jewolokalize’l nan yon espas konstriksyon ki tap fèt pou yon pak espòtif nan Lasalin.

Konsa, enfòmasyon ki rive jwenn nou nan bon ti mamit, nan sal nouvèl redaksyon TRiboLAND, ta fè kwè, se yon gwo zotobre nan pòtoprens, ki donk, mèt Tolbert Alexis, ki mande ajan egzekitif la, kanpe sou demagoji tèt pa dwàt li tap tante egzekite a.

Pou anpil sitwayen kap reflechi nan komin nan, tantiv pou te loje simetyè a nan pak sila, se ta mannèv kap fèt, yon mannyè pou ajan egzekitif enterimè a, Josué Alusma ka vann tè, plis ke sa li deja vann, yon fason pou kontinye fè bè atravè kòripsyon.

Comments are closed.