Emma Achille Placide, yon lejand nan mond mizik evangelik la di latè babay

1,121

07-11-2023

Florid, Etazini_____(TRiboLAND) Yon lane aprè atis evangelik la te sibi yon AVC, Emma Achille Placide, etwàl mizik evanjelik la, di planèt la babay lendi 10 jiyè 2023 a, nan Eta Florid, Etazini, selon plizyè sous medyatik.

Emma Achille ki orijinè dezyèm vil peyi Dayiti a, Kap-Ayisyen, te konsakre yon bon bout tan nan lavi li ap chante e onore Bondye pandan ke lap chame mond evanjelik pandan plizyè deseni. Atis la ki make tout yon peryòd avèk yon seri zèv ki make lajwa ak tristès nan repètwa istorik mizik evanjelik peyi Dayiti.

Achille te konsakre tout lavi li nan mizik evanjelik. Pandan anviwon 50 lane, li te konsidere kòm yon vwa egzanplè pou tout moun, patikilyèman pou kretyen peyi Dayiti yo. Pandan tout pakou mizikal li, Achille te arive pwodwi 5 albòm; “Fois et Compassion”, se te dènye zèv li. Malgre laj li, li te pwomèt piblik la yon albòm nan lang blan meriken; yon rèv ki pati nan lafimen.

129 Francais chan desperans, se te premye chante ki ta pral fè moun konnen ke Emma, dote yon vwa kaptivant e menm anjelik. Li chante pou premye fwa nan Radyo 4VEH, yon madi premye septanm 1960. Atist “Les Airs D’Antan” an, te kòmanse chante anndan legliz, atravè aktivite lajenès ak koral.

Yon 19 avril 2015, òganizasyon United Christian Artists (UCA) ta pral nome sè Emma Achille Placide kòm rènn mizik evanjelik ayisyènn pandan yon gro sòlòkòtò Dine Kapèt Wouj.

Emma Achille Placide, mouri nan laj 89 lane. Ke tè a lejè pou yon ikonn ki kite dèyè yon si bèl repètwa enkontestab e imòtèl!

Comments are closed.