Nan okazyon dezyèm anivèsè asasinay Jovenel Moise la, Lidè PHTK a, Ariel Henry dekrete dat 7 jiyé, “Joune dèy Nasyonal

976

07-05-2023

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon kominike ki pote siyati sekretè jeneral primati a, doktè Ariel Henry, dekrete mèkredi 7 jiyé 2023 a, kòm “Jounen Dèy Nasyonal” nan memwa ansyen prezidan Repiblik Dayiti a, Jovenel Moise, ki te asasinen lakay li, 7 jiyè 2021.

Jedi kap 7 jiyé 2023 a, bikolò a ap moute a demi ma e tout estasyon radyo e televizyon yo ap pwograme emisyon sikonstans pandan jounen dèy sila. Disko avèk lòt etablisman yo ap rete fèmen.

Divès lòt aktivite prevwa òganize nan okazyon jounen 2 lane lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la.

Nap raple, Ariel Henry ta yon prezime sispèk nan asasinay ansyen prezidan Jovenel Moise, san konte lòt politichyen ak richyen ayisyen ki te konplote ak etranje pou yon parèy krim.

Comments are closed.