Yon gro dife menase plizyè rezidan nan Delma 31 ap mande konkou ponpye

TRiboLAND.com
Yon gro dife eklate nan Ri Biasou, Delma 31 nan moman sila, kote ke rezidan yo genyen kè biskèt; alòske dife sila ke pèsònn moun pa konnen orijin ap fè chemen li pou elaji zèl destriksyon li sou yon pakèt kay avèk machinn.
Malgre mannèv dlo nan panye banbou yo, rezidan yo pa sispann alète sèvis ponpye pou pote yon ti lòsyè sekou. Se yon sitiyasyon ki kreye anpil SOS, panik ak tranble janm, jodi dimanch maten 9 fevriye 2025 lan nan Delma 31, daprè yon medya lokal.






