Ogmantasyon ka kovid-19 yo: MSPP mande popilasyon an ogmante vijilans

447

05/14/2021

Pòtopwens________(TRiboLAND) Nan yon kominike ke li fè sòti jedi 13 me 2021 an, Minsitè Sante piblik ak Popilasyon (MSPP) mete 2 men nan tèt pou ogmantasyon bwit sou kou yon seri ka sispèk kowona ou ka pozitif yon seri malad ki ospitalize apwè ke yo dyagnostize kovid-19.

MSPP pase lòd fòmèl bay tout direksyon teknik ak nòmativ pou fasilite ranfòseman aktivite jwe louvwi  sou epidemi an espesyàlman nan nivo tout ayewopò yo, pò maritime yo, vil fontalyè yo, dapwè MSPP ki mande konkou lapwès pou yon kanpay sansibilasyon agresif.

Otorite sanite yo revele pwèske yon senkantèn nouvo ka pami yo genyen 25 ka konfime pandan joune jedi 13 me 2021 an, dapwè direktè jeneral MSPP a, Doktè Lauré Adrien ki sinyale yon nouvo varyan ki ta tèt koupe ak varyan brezilyen ak angle. Li ajoute, otorite envite pou yo redouble vijilans e pwofesyonèl sante yo pral ranfòse sansibilasyon ak depistaj.

“Objektif la se arive redwi nivo kontaminasyon ak desè ki makònnen avèk kowonaviris la”, dapwè minis Marie Greta Roy Clément ki raple respè jès baryè yo ki gen pou wè avèk distans fizik, lave men ak pote màs.

Comments are closed.