Swasansèt etidyan finisan sanyans edikasyon ak administrasyon eskolè gradye nan Inivèsite Piblik la nan Grandans.

816

09 – 25 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Sou wo parenaj minis edikasyon nasyonal ak formasyon profesionèl lan, profesè Nesmy Manigat, swasansèt etidyan finisan nan syans edikasyon ak administrasyon eskolè gradye nan Jeremi.

Pwomosyon sa a ki pote non ansyen minis edikasyon nasyonal ak formasyon profesionèl “Joseph Claude Bernard”, ki te yon grandanslè daprè marènn ak parènn pwomosyon an, direktris lise jènn fi a, madam Émeline Raphaël ak minis Nesmy Manigat, “gradye yo dwe swiv zèv Ikònn sa a, Joseph Claude Bernard ki te yon modèl.

Anprezans diferans kouch sosyal kite fè deplasman pou te vinn asiste seremoni gradyasyon an nan Kaskad Club Jeremi, rektè a, pwofesè Jean Rony Medy ak minis Manigat, pwomèt pa twò lontan ke Inivèsite Piblik Grandans lan ap genyen lòt disiplinn tankou: jeni sivil ak agwonomi, jis pou fasilite tout elev ki fini etid klastik yo, apwann yon pwofesyon lakay yo nan Jeremi.

Comments are closed.