Jovenel Moise mete sou pye yon komite endepandan ki pral travay sou pwojè yon nouvèl konstitisyon

278

10\30\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Prezidan Jovenel Moise lage jodi vandredi 30 oktòb 2020 an, dlo beni sou tèt yon komite konsiltatif endepandan 5 manm ki pral travay sou you nouvo pwojè konstisyon.

Komite sa ki genyen alatèt li ansyen prezidan Boniface Alexandre, pral genyen pou objektif mete kanpe yon pwojè konstitisyon ki pral pèmèt tout valè demokratik yo respekte, mete sou ray mòd fonksyonman pouvwa leta yo, lwa fondamantal tout moun e eksprime jan sa dwe ye ak dwa fondamantal anndan peyi a.

Nan diskou sikonstans lan, Boniface Alexandre pat manke voye flè pou tèt li ak tout lòt konpetans eksperimantal nan kad supò kolaboratè li yo fas a yon parèy misyon ke li estime ki difisil. Li remèsye prezidan repiblik la pou chwa sa ki se yon onè pou l sèvi peyi l avan li mouri.

Prezidan Jovenel Moise e ansanm avèk ansyen prezidan an, Boniface Alexandre te tou profite raple ke se konstitisyon 1987 la ki mete peyi a nan deran byen près sa.

Se gras ak konplisite kèk moun, ki raple popilasyon an yon pakèt bagay, ke Jovenel Moise arive mete sou pye komite konsiltatif la ki konpoze de 5 manm reselè tankou Mona Jean, Emmanuel Saint-Éloi, Jeneral Hérard Abraham ak Louis-Naud Pierre. Nap raple, genyen moun nan komite konsiltatif sa ki se kat make; yo te konn foure dwat nan je pèp anyisyen an.

Comments are closed.