Jan sa te anonse a gouvenman Ariel Henry an , komanse asiste viktim yo.

628

06-13-2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Kèk jou aprè katastròf natirèl yo ki te fèt sou fòm inondasyon nan dat 2 jen pase ak tranblemantè nan dat 6 jwen 2023 a, e ki te egalman lakòz 4 moun mouri ak yon 40 tènn blese grav nan nivo mas pèp lan, finalman jan sa te anonse, gouvènman Ariel Henry asiste viktim y oak yon lasibab.

Kichòy imanitè yo te prezante sou fòm kit alimantè ak lòt materyèl batchi kwizinn, dlo e latriye, gras ak devouman kolektivite yo ki te deja fè devwa yo. Viktim yo te jwenn kichòy tou bò kote delege a nan tèt kole ak proteksyon sivil Grandans ki te asire asistans gouvènman an anfavè viktim yo.

Konsènan 4 moun kite mouri yo nan katye Sentelèn zonn Mònn Fò, pami yo yon fiyèt 13 lane, delege Louissaint Cezar ki te akonpaye direktè depatmantal planifikasyon an, enjenyè Previllon remèt bay 4 fanmiy mò yo yon chèk 100mil goud pou fè antèman 4 moun yo ki te mouri jou 6 jwen 2023 a.

Comments are closed.