Haytien, kite Hayti disparèt ou mete men pou sa chanje, sa kap pi bon?

1,369

Nou saliyew nan yon fason trè spesiyal!

Ou menm ki retrouve w patou nan mond lan, nou saliye w fwatènèlman, kèlkeswa ran sosial ou, apatenans politik ou, kapasite filozofik ak entelektyèl ou , *Hayti* gen bezwen w konn ya menm.

*Mouvman Haytien Kap Viv Déyò yo* vi’n diw Hayti imiliye twòp, Hayti matirizé twòp, akòz politisiyen nou yo, ki pa vwè politisyen, yo tout se jwè ki pase sou tèren an epi yo voye balon an deyò. *Finalman nou bouke !* Wi nou fout bouke, nou pap gen pwoblèm avèk yo, si yo ta fè yon ti kanpe deyò tèren an, pou yo gadé nan miwa Konstitityon 87 la ak 1987 amandé a, ki se Manman Lwa peyi a, ki trase wout peyi a ta dwé fè, pou li rivé nan chimen developman tout bon vré; tout sa ki pasé sou pouvwa a, kite wout la, yo fè chemen rajé pikan kwenn na.
Menm jan ak nou kap refléchi, nou ta renmen yo ale nan miwa :
Atik 19 nan konstitityon an
Atik 22, 32, 32.1à 9
Atik 64, 66, 67, 77.
La a menm se manman pinba,
Atik 78, 175, 190,192,87,87.1à 7 ect… pou di pèp Haytien an, ki kote nou lage peyi a la, lè nou deside pa aplike atik enpòtan sa yo ki nan Konstitisyon an.

Konpatriyòt, si nou li atik sa yo, nap jwenn verite a, kote nèg yo pwefere kenbe peyi a nan yon fòm *Leta Initè* pou yo regle zafè yo! Pwiorite yo ta dwe :
*Sekirite*
*Edikation Sivik*
*Edikasyon Sosiyal*
*Edikasyon Politik*
*Edikasyon Sanitè*
sou tout peyi a.
*Nan tout Legliz yo san distenksyon.*
*Nan tout Perestil ak Jèn Vodou yo*
*Nan tout Medya yo an Miltiplex.*
*Nan tout Lekòl yo, de 1è ané Fondamantal a Filo*
*Nan tout reyinyon asosiyasyon yo*
Systèm Politik nou gen la a pouri, li nan eta de dekonpozisiyon, lèl rive konsa la, si nou kite l konsa, se nan wout disparisyon peyi a, nou ye la a, pa bliyé gen anpil peyi sou latè ki pa egzisté ankò, ni se pa yon blag. Peyi tankou :
*Obock*
*Orange*
*Sedang*
*Kiautschou*
*Tchékoslovaki*
*Yougoslavi*
*Wodézi*
*Fédérasyon Arabi di Sid*
*Répiblik Popilè Tuvan*
*Wayom Étwiri* elatriyé…

Nan sousi sa, nap mande tout konparyòt ki anndan peyi a pou’n mete men ak sa ki deyò yo pou nou twouve yon lòt altènativ, tankou, trouve yon Teknokrat onèt nan chak Depatman, yon Notab ki onèt, kredib ki pat nan politik ditou, plis (+) 3 nan mou’n ki vwèman fouge e ki renmen peyi a, kap viv deyò nan sousi pou’n fòme yon Konsèy Leta ak 13 Manb kap genyen misyon pou travay sou Sekirité peyi a ak yon *Plan Machal* pou 10 zan pou meté lòd nan dezòd; pou etranjé ka rive respekte Haytien ankò.
*Haytien, kite Hayti disparèt ou mete men pou sa chanje, sa kap pi bon?*

Konseye anliyn LA

Comments are closed.