Primati : Oken otorite pak ka kite peyia san otorizasyon Premye Minis lan

12-06-2022
Pòtoprens, Ayiti ____ (TriboLAND) Nan yon nòt sikilè ki pote siyati Direktè imigrasyon an, Joseph P. CIANCIULLI, ki soti jodi madi 06 desanm 2022 a, oken wo fonksyonè Leta tankou Minis, Sekretè Deta, Direktè Jeneral pak ka kite peyia pou ale nan oken peyi etranje san otorizasyon Premye Minis lan.
Pou yon otorite soti, li oblije gen yon otorizasyon ki sinye anba kout plim Premye Minis lan, e se sèl li ki ka bay otorizasyon sila.
Yon mezi kap aplike pou tout vwayaj ofisyèl tankou vwayaj prive. Konsa, dispozitif sa, ap efektiv touswit aprè resepsyon nòt sila.






