Lapolis nan Sidès mare kon krab yon ansyen polisye ki te enplike nan asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la

05 – 30 – 2024
Benè, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Sid peyia mare kon krab Hyppolite Clifton maten jedi 30 me 2024 la, nan komin Benè. Hyppolite Clifton se yon ansyen polisye 27è pwomosyon ki te patisipe nan asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse nan lannwit 6 pou leve 7 jiyè 2021.
Hyppolite Clifton se yon evade prizon, li te evade nan lannwit 2 mas ki sot pase la nan moman kowalisyon gang viv ansanm lan te atake penitansye nasyonal.
Pou konnya Hyppolite Clifton nan gadavi, an atandan otorite yo fè swit nesesè yo.






