Pastè Emmanuel Charles, yon gran leader eklezyastik onèt nan vil Pòdpè di planèt la babay

2,369

Pòdpè______(TRiboLAND) Kominote eklezyastik la nan vil Pòdpè ap plere jodi lendi 29 novanm 2021 an, disparisyon pastè Legliz Batis Penyèl Pòdpè a, Emmanuel Charles alyàs “Pastè Manno”.

Pastè Manno tap dirije Legliz Batis Penyèl nan Lòt Bò Pon, vil Pòdpè depi lane 1983, touswit apwè li te apèn òdone anba lobedyans Pastè Deville Legrand nan vil Pòdpè. Li te toujou fè pwèv de yon leader responsab e respektab atravè tout misyon sasèdotal li. Anpil pitit Bondye ki fè eksperyans avèk Pàstè Manno, pa janm manke devwàle dimansyon entegrite lakay li. Sèvitè onèt e saj; li pa janm ezite afiche yon konpòtman egzanplè nan divès entè-aksyon ak moun nan antouraj li.

Reveran Manno ki kite dèyè yon kongregasyon ak yon fanmiy enkonsolàb, mouri nan Pòtopwens, apwè li tap batay ak yon kansè nan gòj li, dapwè sa TRiboLAND jwen bò kote pwòch defen an. Li kite dèyè madanm, 4 gran timoun chape san konte senk pitit pitit e latriye kap viv yon moman senti mare.

Nap sinyàle, sa genyen sèlman 2 mwà ak kèk jou depi ke sèvitè Letènèl la te òdone 2 pitit legliz Penyèl kòm pastè pou asure leadership kongregasyon eklezyastik la. Yon aksyon ki dekoule de yon sajès ke moun pa wè fasil. Trè souvan, leader krizokal yo chwazi pito pitit yo e fè strikti legliz la yon byen pwive ou biznis familyàl!

Pastè Manno te genyen 83 lane; ke nanm li reponze nan lapè etènèl!

Comments are closed.