Aprè deblosaj anachik DINEPA,TPTC ak NKTEMA nan vil Jeremi, plizyè rezidan deside repare wout sou katye yo

951

Aprè deblosaj DINEPA,TPTC ak NKTEMA finn fè nan kraze wout nan vil Jeremi, plizyè rezidan deside fè tèt kole e kotize pou repare wout sou katye yo.

05- 27- 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè plizyè mwa DINEPA,TPTC ak NKTEMA, yon fim espanyòl finn kraze wout yo nan vil Jeremi sou pretèks DINEPA pwa l apwovizyone dlo pou popilasyon an ak kliyantèl la (nan kad projè 8 milyon dola ameriken ke peyi Lespayn akòde vil Jeremi pou rezoud problèm dlo a), rezidan yo estime se manke respè; konsa, yo deside aprè tout tan sa, kolekte lajan antre yo, yon fason pou reyabilite ri tankou “Abiyè”, nan Jeremi.

Rezidan yo akize DINEPA ansanm ak plizyè lòt konplis, ki kraze divès wout e rann lavi enposib pou moun sikile. Kidonk, yo afiche yon iresponsablite tout kote yo pase anndan peyi a. Yon pwatik ke anpil moun konsidere kòm mak fabwik gouvènman Ariel la ki kwè nan kraze, fè fo mouvman, ak lave lajan pou montre genyen bagay kap fèt. Peripesi òganize sa, ki ta sanble genyen pou objektif, montre peyi Espayn ke yo envesti lajan an, e poutan: “se nad marinad”!

 Nap raple, nan dezòd ak travay tèt anba enstans iresponsab say o ap miltipliye atravè peyi Dayiti, anpil sitwayen arive viktim.Sa ki genyen pye kase, aktivite dlo desann ki pèmèt dlo antre anndan kay rezidan yo, aksidan sikilasyon ap fè ala segond, janm ak ponyèt kase, se tout yon seri sitiyasyon ke popilasyon jeremyèn nan akp konfwonte okotidyen.

Konsa, yo fè apèl ak volonte tout sitwayen pou yo bay sa yo genyen, yon fason pou yo kapab arive amenaje ri lakay yo, ke DINEPA ak tout lòt konpayi initil tankou TPTC ak NKTEMA kap simaye anachi atravè vil Jeremi patikilyèman.

Comments are closed.