Direksyon depatmantal polis Nòdwès kontinye ap vòlè tè abitan yo malgre alèt depatman an voye bay DCPJ.

1,397

05-20-2023

Pòdpe, Ayiti______(TRiboLAND) Ajan UDMO ki ta sanble nan konivans ak dirèktè polis depatmantal Nòdwès la, pa sispann ap naje ak pyafe nan kòripsyon tout kalite, malgre rèl “pote sekou” popilasyon an lanse bay DCPJ. Rezilta, and marinad!

Ajan UDMO patikilyèman reprezante yo gro menas pou sekirite sitwayen yo nan depatman Nòdwès peyi a. Avèk benediksyon Wo grade nan kò polis la ke anpil sitwayen konsidere kòm yon kò mafya ki chaje ak bandi legal ke pouvwa Ariel Henry a lage pou fini ak popilasyon Nòdwès la.

Anpil evidans pwouve, anpil ajan UDMO enplike ra gagann nan vòlè tè abitan yo. Dènye foto ak video yo, montre kòman ajan UDMO yo avèk konplisite yon fwaksyon nan lajistis la ap antre manu militari, rache, separe tè yon etranje ki rele Bruce nan Ba Nòdwès peyi Dayiti. Akote vòlè tè, yo devlope bon jan relasyon ak bandi kap mache apante tè diaspora. Fòs lòd sa yo kap tòchonne prestij ou valè enstitisyon an polis la, plonje nan gro tranzaksyon ilegal: kamyon gaz, rakèt paspò nan imigrasyon, abi otorite pou fè lajan nan kondisyon delwayàl, gro kou 50,000 mil dola ameriken pou pasaj biznis kontenè malere ki gen ramifikasyon avèk alye gang yo kap opera nan zòn Ti Bwadòm.

Nap pale de gro tonton sòm lajan, swadizan yon seri lòbèy ki vle fè tèt yo pase kòm ajan kap pwoteje e sèvi; tandiske yo eseye akize e elimine jèn gason ki ta vle denonse aksyon kriminèl ke yo ap egzèse pandan plizyè ane nan plizyè komin.

Si nan lòt depatman, genyen gro “Bwavo” kap bat pou efò lapolis pou kontre kare bandi e menm bayo bwa kale; ebyen se totalman kontrè nan depatman Nòdwès. Nan yon seri envèstigasyon lokal, Direktè lapolis la nan Nòdwès reprezante yon senbòl kòripsyon. Pou anpil moun, li inikman antre nan depatman an pou vinn fè kapital li nan yon seri mwayen ki parèt ilisit e san gade dèyè. Selon enfo yo, li ta menm lage lòt ajan kriminèl kap egzèse abi otorite okotidyen sou anpil sitwayen nan popilasyon an.

Si ta genyen pou mache pran bandi e fasilite yo antre nan pwogram “Bwa Kale” a, ajan lapolis ki nan vòlè ou kòripsyon nan depatman Nòdwès la, pa tap epanye anba kolè popilasyon an kap moute yon maswife ak otorite bandi legal nan diferan komin, ki plonje ra gagann nan abi ak kòripsyon.

Comments are closed.