ERRA envite popilasyon Nòdwès la patisipe nan yon gwo aktivite “Jounen Liv”, kap òganize dimanch 23 avril 2023 a.

1,072

04-22-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon nòt pou laprès nan dat 21 avril 2023 a, Espas Refleksyon, Rechèch ak Aksyon (ERRA), ki genyen nan tèt li pwofesè Fednel Michel, envite popilasyon an ak medya yo san distenksyon vin pran pa, nan yon gwo kokenn chenn aktivite san parèy ki pote non “Jounen Liv” kap gen pou òganize demen dimanch 23 avril 2023 a, nan lokal Kolèj CNDL la nan Morne aux Pères, sòti 9è nan maten rive 5è nan aprèmidi.

Pou responsab ERRA yo, aktivite sa a fèt chak lane nan lide pou rive pwomouvwa oubyen pwomote travay ak zèv entèlektyèl kap pwodwi yo nan Nòdwès peyi a,epi ankouraje plis jèn reflechi, pwodwi epi konsome fwi travay entèlektyèl yo.

Nan sans sa a, ERRA konte sou prezans chak sitwayen ki deside pou yon lòt fwa ankò, bay Lakilti ak Savwa jarèt ki prèske fin disparèt nan depatman Nòdwès la.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.