Minis Komès ak Endistri peyi Dayiti a deklare li konsyan gen ratman ak flotman nan zafè gaz la.

1,389

Ratman ak flotman gaz la nan peyi Dayiti, kòmanse bay gwo kè kase.

04-12-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou akòde ak Peterson Joseph, Minis ki regle zafè komès ak endistri a nan peyi Dayiti, Ricardin St- Jean, fè konnen ke yo konsyan gen gwo ratman ak flotman nan zafè gaz la nan peyi dayiti, sepandan gouvènman lap sèvi a ap travay pou pote yon solisyon.

Poze minis lan kesyon pou konnen, ki sa ki vin rann gaz la tounen yon liks nan peyi Dayiti? Minis St. Jean te reponn, ke yo pa ka inyore ratman an, men fenomèn ki plis danje a se flotman gaz la. Pou Minis lan, flotman gaz la se difikilte ki genyen ant pwodui an, ponp yo ak enfòmèl la.

Malgre Minis lan pat deside bay jounalis la esplikasyon sou kòz fenomèn ratman gaz la, sa pa anpeche ke tout moun konnen, se baz Izo 5 segond, ki te ouvè kout bal sou bato gaz la, epi fèl rale back.

Pwomèt gouvènman an ap pote yon solisyon, Minis PHTK a bay garanti nan mikro jounalis Peterson Joseph, depi konpayi yo fin plase kòmand yo, gaz la pral distribye nan ponp yo.

Nap raple, se pa premye fwa Minis komès sila ki kontribye anpil nan efondreman ekonomi peyi a, ap fè tèt li pase kòm gro mantè anba je yon popilasyon ki fin desose. Ricardin abitye bay chika, sitou lè lap pare pou fè yon kout zo kriminèl ak gaz la.

Comments are closed.