PHTK pa danse kole ak desizyon Jovenel Moise la pou yon fòmansyon KEP konteste

257

09\24\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Kontrèman ak antouraj prezidan an kap fete pou dènye kout zo politik prezidan Jovenel Moise yo, notamman fòmasyon KEP a. Sepandan, nan pròp pati politik prezidan an, plizyè Gran Toryan pa danse kole ak dènye desizyon lidè PHTK a pou moute yon konsèy elektoral pou òganizasyon eleksyon san konsiltasyon lòt antite nan vi politik la.

Liné Balthazar, ki se yon gwo potanta PHTK, deklare ke prezidan pran yon wout inilateral san konsilte lòt antite yo alòske peyi a pa ka pran yon lòt eleksyon abolotcho konteste ankò ki kapab mete li nan plis nan mera.

Daprè Balthazar, li enpòtan pou prezidan an ta resezi li yon fason chèche konpromi politik avèk diferan fòs anplas yon fason pou genyen yon kondisyon endispansab pou evantyèl eleksyon; si non peyi a ap trennen nan enstabilite.

Comments are closed.