Gouvènè Eta New York la konte deplwaye yon ekip 26 teknisyen pou bay Florid jarèt

0 463

New-York__(TRiboLAND) Gouvènè New-York la, Andrew Cuomo sòti yon nòt nan Lapwès jodi Vandredi swa-a kote ke lap eseye fè bwas pou deplòye yon latriye resous nan Florid byen avan siklònn Dorian pèse sou Eta a.

Pandan Dorian kontinye ap wonfle e gonfle ponyèt li nan dirèsyon Etazini, nap pwepare pou yon seri sitiyasyon e rete pwè pou lonje lamen bay Florid ak anpil lòt kominote ki ka afekte nan siklònn nan.

“Nap deplwaye yon ekip solid ki kapab entèvni nan jerans katastwòf kap genyen apepwè 26 manm pèsonèl ki se, an majorite travayè Eta-a e ki soti nan plizyè ajans”. Ekip la ap gen pou antre Tallahassee Dimanch maten e yo pwal deplwaye pi devan selon bezwen yo. Depatman Polis Eta New York rete sou standby byen ekipe ak tout kalite materyèl byen sekirize e tou pare pou mete nan gwo truck si tout fwa yo ta rele yo pou asistans.

“Nap kontinye swiv e kontwole demakaj sistematik Dorian trè pwè, e nap fè tout sa nou kapab pou bay bourad nan moman difisil sa. Nou swete bon sekirite a tout zanmi ak vwazen Florid yo”.

Leave A Reply