Fè kòb ak materyèl (TPTC) yo nan Grandans, yon kòripsyon tout nèf direksyon depatmantal la pwatike.

1,318

04- 06-2023

Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon moman majorite wout yo nan Grandans peyia ap finn disparèt: pil tè, fatra melanje ak tout dechè rann moun paka sikile. Ekipman TPTC, menm jan ak lapolis kap vann sekirite piblik, anpil direktè depatmantal lage yo nan zak delwayàl nan fè gro magogo lajan nan fè djòb sou kote ak yon seri ekipman ki rele popilasyon an chè mèt chè mètrès.

Anpil moun konstate genyen yon direktè depatmantal travo piblik nan Grandans ki ta pote non, depi ekzistans li nan tèt biwo TPTC a, 29 janvye 2021 pou rive nan moman nap pale a, pran plezil’ , vann materyo ak kamyon leta a, itilize traktè, boul doze pou koupe tè pou tè, oubyen pwan kòb nan men dyaspora pou fe wout nan tè prive yo, kelkeswa kote a nan Grandans peyia.

Popilasyon an nan Grandans, kriye “osekou” bay PM lan, Doktè Ariel Henry ak minis Rosemond Pradel pou delivre Grandans lan, anba grif yon parèy direktè delakè ou enpostè, ki soti Jakmel vinn fini ak Grandans lan.

Nap raple, direktè sila ke anpil moun rele “Koupe tè pou tè”, fè sali vle ak yon seri materyèl ke ansyen Prezidan Jovenel Moise te dispoze pou demaraj Karavann nan Grandans. Kòripsyon ou itilizasyon ekipman pou sèvi popilasyon an, tounen biznis prive kòwonpi nan plizyè bwat Leta atravè tout repiblik la.

Yo prefere vann popilasyon an yon sèvis ke yo te oblije delivre san senkòb!

Comments are closed.