Leyogan Ensekirite: Agonòm Gary Aliance ekjije liberasyon 4 Leyoganè bandi Matisan Kidnape depi anviwon 15 jou.

996

03-29-2023

Leyogan, Ayiti (TRiboLAND) Nan yon entèvyou ak la près jounen jedi 30 mas 2023 a, Agonòm Gary Aliance egzije liberasyon 5 jènn gason ki se pitit Leyogan bandi ak gwo zam fann fwa te kidnape nan Matisan depi anviwon 15 jou.

Agonòm Gary Aliance


Agonòm Gary Aliance deklare, ravisè yo reklame gwo sòm lajan pou libere otaj yo, yon lajan fanmi yo di,yo pako jam manyen nan vi yo daprè sa Gary rapòte.

Yon lòt kote, agonòm nan pa mete dlo nan bouch li pou denonse fenomèn ensekirite a ak zak kidnapping yo kap mete dlo nan je pèp ayisyen an.

Pwofesyonèl la esplike, peyi a ap viktim tout fòm ensekirite tankou: ensekirite fizik, ensekirite ekonomik, anvironmantal, ensekirite kiltirel, ensekirite nan edikasyon, ensekirite politik e latriye..\

Toutfwa, agonòm Gary Aliance fè konnen, lè yon peyi rive nan sitiyasyon san retou sa, se pèp ayisyen ki dwe pran responsabilite yo pou bay yon repons ak chèf gouvènman defakto Ariel Henry ki pase anviwon 2 zan ap dirije nasyon an;li pa fè anyen ki serye pou amelyore soufrans popilasyon ayisyèn an.

JOICY Arnold

Comments are closed.