Enstitisyon lekòl prive yo nan Nòdwès kontinye reklame lajan sibvansyon Leta te pwomèt yo nan moman kowona a.

219
0
Share:
TRiboLAND

06/01/2021

Basen Ble, Nòdwès_____( TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès, lendi aprèmidi 31 me 2021 an, pwofesè lekòl prive nan Komin Basen Ble melanje ak pwofesè PRONEC/PSUGO, reklame yon lòt fwa ankò, lajan sibvansyon rejim defakto a te pwomèt yo pandan peryòd maladi kowona a.

Pwofesè sa yo ki te vrèman ankòlè, jounen sa a, voye yon penga bay prezidan defakto a, Mesye Jovenel Moïse ak tout minis Edikasyon Nasyonal la, Mesye Pierre Josué Agénor Cadet pou di yo si tout fwa yo pa jwenn kòb sibvansyon an ki se pa yon kado, koze referandòm chanpwèl Jovenel Moïse ak tout kip PHTK a ap antrepann atravè peyi dayiti a, ap kontinye fè echèk nan Nòdwès, pakilyèman, nan Komin Basen Ble pandan yo mande solidarite tout lekòl Piblik yo nan depatman Nòdwès la pou yo sa rive fè pouvwa defakto sa a respekte pawòl li ansuit fè echèk ak referandòm tèt chat li an.

Pwofesè sa yo fini pou di si tout fwa prezidan defakto a, msye Jovenel Moïse ak tout minis li an, Agénor Cadet, pa deside ba yo lajan sibvansyon saa ki se pa yon kado, nan jou ki pral vini la yo, yo pral pase alaksyon ki se rive mache bloke tout lekòl prive tankou piblik atravè depatman Nòdwès la.

Saint Jean Wiskis

Share:

Leave a reply