Komisè Ronald Richmond nan Okay fouke prezime bandi, “Ti Frantz”.

328
0
Share:
TRiboLAND

03-19-2023

Okay, Ayiti____(TRiboLAND) Dezyèm komisè atravè repiblik la ki sanble ki pa nan tete lang ak bandi, Ronald Richemont, yè samdi 18 mas 2023 prosede ak restasyon prezime bandi Frantz Augustin ki genyen ti non jwèt li “Ti Frantz, nan Okay.

Otorite yo nan vil Okay, reproche Ti Frantz dèske li enplike nan diferan zak malfektè tankou: eskanmòtè men anlè, brakaj e latriye. Kidonk, annafè a trouve li koulya dèyè bawo e disponib pou pou fè fas ak lajistis, daprè sa Lapolis ta fè konnen.

Akote arestasyon Ti Frantz, miltiplikasyon operasyon lapolis yo te pèmèt ke yo arive mete men nan gagann plizyè lòt prezime bandi tankou Patchouko ak Baba ki te enplike nan asasinay yon atlèt ki pote non Wagnac Mardichée.

Share:

Leave a reply