Lapolis arete 5 prezime malfwachyen nan Wanament

1,240

03-15-2023

Wanament, Ayiti ______(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nòdès mete men nan pat kasav 5 prezime bandi jounen 15 mas 2023 a nan zòn Manket.

Nan tèt kole avèk lameri nan Wanament, lapolis rive mete anba kòd 5 prezime malfwachyen yo ta idantifye kòm bandi ki sòti Pòtoprens, endividi sila yo twouve yo nan prizon sivil Wanament lan pou swit legal.

Nap raple depi kèk jou bandi pa sispann kite zòn yo pou vin refijye yo depatman Nòdès peyi a, espesyalman nan vil Wanament.

Comments are closed.