Lapli ki pa tonbe depi kèk tan, bay gwo difikilte avèk plantè nan komin Sent Suzan

1,260

02-08-2023

Sent Suzan, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou Majistra prensipal komin Sent Suzan nan bay TRiboLAND jounen 8 fevriye 2023 a, li fè konnen popilasyon an prèske pèdi tout sa yo te plante akòz lapli ki pa tonbe.

Majistra Tito, ki tap pale avèk repòtè TRiboLAND nan Nòdès peyi a, fè konnen kòmin nan pa anfòm akòz pa gen okenn rantre nan vil la. Li rabat pou’l di ke ti plantè yo ap pran lanm. Yo konfime ke yo genyen plizyè mwa la depi lapli pa tonbe; konsa, vin lakòz gwo problèm pou yo. Nan moman kote ke yap prepare pou fè jaden, men yo poko ka menm genyen espwà jwenn yon degoud lapli jiska prezan.

Menm zannimo pa jwenn ase zèb pou yo manje, Madanm Secherès ap kale kò’l pandan absans Mesye lapli ki pa tonbe a, genyen gwo konsekans sou anviwònman. Peyizan yo pèdi pwa, mayi ak bannan tout kalite.

Lapli ki pa tonbe a, lakoz Sent Suzan ap pran gwo pataswèl anba secherès. Fas ak yon parèy degradasyon, popilasyon an ap tann genyen desizyon nan pi wo nivo leta a ki pa sispann rete bè kèkè!

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.