Dosye Jovenel Moise: Jij Walther Wesser Voltaire mande pou tande plizyè annafè

926

11-24-2023

Nan kad dosye asasinay pwezidan Jovenel Moise la, Jij Walther Wessre Voltaire mande pou li tande ansyen SG Konsèy minis yo, Rénald Lubérice, 27 novanm kap vini la. Li pase pran egalman, ansyen konseyè Jovenel Moise la, Esther Antoine 28 novanm 2023 a.

Mèkredi kap 29 novanm, Voltaire konte pase anba entèwogatwa ansyen minis enteryè a, Louis Edner Gonzague Day, Anrino Destinoble, 30 novanm pwochen. Sepandan, dapwè òdonans ki te sòti deyò al jwen Komisè gouvènman Pòtopwens lan, Edler Guillaume, Jij Voltaire vle tande egalman Jean Gué pwemye desanm 2023 a.

Enfòmasyon yo ta fè konnen ke tout dispozitif legal yo deja pran pou konparisyon moun sila yo, e annafè yo deja jwen notifikasyon ofisyèl yo.

Comments are closed.