Fineray Joseph Dejean Louis ap chante samedi 18 fevriye 2023.

739

02-17-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Fineray Jounlis, anseyan, vis delege, direktè meri Tigwav la, Joseph Dejean Louis ap chante demen samdi 18 fevriye 2023 a, nan Legliz Masedonya ki trouve li nan ri Solidarite tou prè Radyo Men Kontre vè 8è; ekspozisyon an ap fèt vè 7è, selon fanmi pwòch jounalis , Wagner Noël ki konfime enfòmasyon an.

Aswè a genyen gro veye nan lokal legliz la vè 7è; ap genyen pwojeksyon fim kap fèt pou esplike ki moun Dejean te ye e fanmiy lan ap louvri mikwo pou nenpòt moun ki vle pale an detay esperyans yo te fè ak jounalis Joseph Dejean Louis.

Antretan, nan non pèsonèl li, nan konsèy admistrasyon 12èm seksyon kominal Tigwav, lap dirije a,
Kazèk No Salito Soliman voye senpati yo bay fanmiy, zanmi jounalis Joseph Dejean Louis, dèy sa a aflije.

Kòdonatè Kazèk 12èm seksyon kominal la deklare ke peyi a ak tout vil Tigwav fè yon gwo pèt; li prezante jounalis Joseph Dejean Louis kòm yon moun ki te angaje pou peyi li. Li tap batay pou sitwayen ak sitwayènn genyen tiyo kap koule nan kay yo, pou gen wout, pou genyen kouran, yon meyè kalite transpò, yon edikasyon ki genyen nen nan machwè e pou tout timoun nan peyi a elatriye gen aksè ak moso pen lenstriksyon.

Toutfwa, mèt No Salito presize, Dejean Louis se te yon modèl, yon moun ki te kredib. Li te vis delege sou gouvènman Lavalas malgre tout avantage yo te ofri li, li pat kite yo kòwonpi li. Se kalite moun sa a, Joseph Dejean Louis te ye. Ke nanm li repoze anpè!

JOICY Arnold

Comments are closed.