Meri Wanament voye kondoleyans bay fanmiy, zanmi e alye Kazék Jean Relus Saint-Ange

1,302

02-04-2022

Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon nòt konsèy minisipal Meri Wanament lan mete deyò nan dat 3 fevriye 2023 a, li swete fanmiy ak zanmi Kazék “Zanyi” kondoleyans.

Meri a deklare egalman ke li endinye fas avèk disparisyon Kazék “Zanyi” nan yon kondisyon trajik, kote Kazék la resevwa yon bal andan biwo l nan moman selebrasyon fèt Notre-Dame Altagrace.

Konsèy Meri a ak tout anplwaye ki devaste, prezante kondoleyans yo bay madanm, pitit, paran, zanmi “Zanyi” e latriye. Konsèy la anonse patisipasyon l nan antèman Kazék Jean Relus Saint-Ange kap chante 4 fevriye 2023 a nan legliz katolik Savann Long lan.

Nap raple komisè gouvènman pakè Fòlibète a deja tande plizyè ajan sekirite ki tap sekirize Kazék la.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.