Mache piblik Bono riske fèmen pòt li akoz pri pwodwi premye nesesite yo kap monte balkon chak jou ki jou.

685

02-02-2023

Nòdwès, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon ki frekante mache piblik 5èm seksyon Bono, pa sispann plenyen pou pwodwi premye nesesite yo kap ogmante chak jou ki jou, alòske pwodwi lokal yo ap pèdi valè.

Se yon mirak pou ta wè kòman machann yo ap vann pwodwi lokal yo nan vil pri pou yo achte lòt nan yon pri ki trè egzajere . Sa vin kreye yon froustrasyon pou konsomatè yo. Mache a vin tounen yon lye moun prèske pa frekante akoz pouvwa dacha yo kap diminye jou aprè jou.

Nan sans sa, peyizan yo mande leta tchoul ak kominote entènasyonal sousèt la bay pèp ayisyen an yon chans pou l viv sou bout tè papa Desalin nan.

Yon pèp kap viv nan yon povwete ekstrèm, kote dirijan yo fèmen je pou yo pa wè, ni tande soufrans popilasyon an,fè yo ap bwè tout kalite remèd amè kòmsi l te dous.

Selon kèk machann sara, si pa gen yon men leve ki fèt, yap pran lari pou mande mouche leta chanje fizil zepòl paske yo pa kapab ankò ak klowòs tribilasyon an.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.