Jaken, nan komin Wozo benefisye bò kote UNICEF, yon Lekòl Nasyonal tou nèf apwè san lane egzistans

1,021

09 – 21 – 2023

Wozo, Ayiti____(TRiboLAND) Lekòl nasyonal Jaken ki nan premye seksyon kominal Wozo – Kafou Chal , benefisye konstriksyon yon lokal tou nèf , kap pemèt elèv premye ak dezyèm sykle fondamantal jwen moso pen lenstriksyon nan bon tan kou move tan.

Lekòl piblik sa a ki ekziste depi lane 1923, pandan anviwon yon syèk, tap fonksyone nan yon kay ki te kapab twonpe solèy, men ki pat kapab twonpe lapli, daprè temwayaj abitan yo nan lokatite Jaken, ki temwaye nan mikro TRiboLAND.

Reprezantan ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesionèl yo nan Grandans, ansanm ak peyizan yo nan lokatite Jaken bat bwavo ak lakontantman pou bèl lokal sila ke Fon Nasyon Zini ke UNICEF konstwi pou popilasyon Jaken an, nan komin Wozo, depatman Grandans.

Comments are closed.